Medicaid nan Molina Healthcare.
Nou fè ou pase anpremye depi 40 lane.

Medicaid se yon pwogram leta ki kouvri frè sèvis sante pou fanmi ki kalifye, moun aje, moun ki gen andikap ak moun ki gen pwoblèm sante mantal. Medicaid nan Molina bay aksè ak swen ekspè, nan men bon jan kalite doktè, ansanm ak avantaj siplemantè ak yon sèvis kliyan devwe.

Tout moun merite santi yo nan meyè yomenm. Nan Molina Healthcare, plan sante Medicaid nou yo rann bòn sante pi fasil. Konte sou Molina pou swen ou bezwen kounye a yo. Chwazi Molina Medicaid.

Lè mwen soumèt enfòmasyon m yo atravè fòmilè sa a, mwen bay konsantman m pou Molina Healthcare kolekte enfòmasyon pèsonèl mwen yo. Mwen konprann epi mwen aksepte ke yo pral itilize epi pataje enfòmasyon m yo konfòmeman ak Politik Konfidansyalite ak Kondisyon Itilizasyon Molina Healthcare yo.

*Endike ke pati vid sa a obligatwa.

Molina ba ou plis avantaj. Pou w gen plis lapè nan lespri w.

Medicaid Bazik la bay sèvis medikal debaz yo, sa gen ladan konsiltasyon doktè, sejou nan lopital, preskripsyon, tès laboratwa ak radyografi ak plis toujou. Men, plan Molina Medicaid la pa kanpe la. Li bay anpil avantaj siplemantè ki ba ou plis fason toujou pou ou rete an bòn sante epi ekonomize lajan.
Rele Molina kounye a. N ap ba ou plis enfòmasyon sou avantaj siplemantè nou yo pou ekonomize lajan.

Nou te tande kesyon ou yo. Tanpri kontinye fè lekti pou jwenn repons yo.

Kisa Medicaid ye, epi èske li kapab ede ou? Kisa Medicaid ye, epi èske li kapab ede ou?

Medicaid se asirans sante ki gen finansman leta. Si ou kalifye, ou resevwa kouvèti medikal gratis ki ka fè yon gwo diferans nan sante w , bidjè w ak lapè nan lespri w.

Lè ou gen Medicaid, ou kouvri pou sèvis medikal enpòtan yo, gen ladann:

  • Vizit kay doktè
  • Sejou lopital
  • Preskripsyon
  • Tès laboratwa ak radyografi
  • Swen matènite
  • Swen pou dire ki long
  • Ekipman medikal
  • Transpò

Kontakte Molina kounye a. Nou pral ba w enfòmasyon sou avantaj anplis nou bay yo.

Eske ou kalifye pou Medicaid? Eske ou kalifye pou Medicaid?

Pou verifye si revni ou kalifye pou Medicaid, vizite sit entènèt Depatman Timoun ak Fanmi Florid (Department of Children and Families, DCF) oswa rele DCF nan (850) 300-4323, TTY 711.

Kòman pou ou enskri pou Medicaid? Kòman pou ou enskri pou Medicaid?

Pou aplike pou Medicaid, vizite sit entènèt Depatman Timoun ak Fanmi Florid (DCF) oswa rele DCF nan (850) 300-4323, TTY 711.

Lè ou enskri, chwazi Molina pou bay avantaj Medicaid ou yo. Pou ou enskri nan Molina, rele Choice Counseling nan (877) 711-3662, TTY 711, Lendi jiska Jedi, 8am jiska 8pm, Vandredi 8am jiska 7pm.

Chwazi Molina se yon trè bon chwa! Paske Molina ba ou anpil avantaj anplis, 40 ane eksperyans ak yon angajman pou fè ou pase anvan tout bagay.

Poukisa pou ou chwazi Molina pou plan Medicaid ou? Poukisa pou ou chwazi Molina pou plan Medicaid ou?

Tout moun nan Molina Healthcare gen menm djòb la: ede ou santi w pi byen.

Nou travay di pou nou asire nou ke li fasil pou ou jwenn sa ou bezwen, depi nan tretman medikal la jiska avantaj anplis pou ekonomize lajan. Pou nou ka merite konfyans ou mete nan nou, nou mete ou an premye, chak jou.

Jwenn bon kalite swen ou bezwen yo kounye a. Ou te mèt konte sou Molina.

Ou gen Kesyon? Nou gen repons yo. Rele (866) 449-0593, TTY 711

Ou ka kontakte Molina Healthcare nenpòt ki lè.

Pou jwenn plis enfòmasyon,
rele (866) 449-0593, TTY 711.

Si ou prefere, ranpli epi soumèt fòm sa a epi n ap kontakte ou.

Lè mwen soumèt enfòmasyon m yo atravè fòmilè sa a, mwen bay konsantman m pou Molina Healthcare kolekte enfòmasyon pèsonèl mwen yo. Mwen konprann epi mwen aksepte ke yo pral itilize epi pataje enfòmasyon m yo konfòmeman ak Politik Konfidansyalite ak Kondisyon Itilizasyon Molina Healthcare yo.

*Endike ke pati vid sa a obligatwa.

 

Èske ou gentan manm Molina Medicaid? Èske ou gen kesyon sou plan ou an?

Nou la pou ede ou. Annik rele (866) 472-4585, TTY 711.